Psalm 91 in Haitian Creole with English Translation

Psalm 91 presents God as a refuge, fortress, shelter, and protector for those who trust in him. The chapter speaks about safety under God’s care, protection from danger, courage in the face of fear, and God’s presence during trouble.

Below is Psalm 91 in English with the Haitian Creole translation, arranged verse by verse for comparison.

Psalm 91 in English and Haitian Creole

Verse 1

English: He who dwells in the secret place of the Most High Will rest in the shadow of the Almighty.

Haitian Creole: Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a

Verse 2

English: I will say of The LORD, "He is my refuge and my fortress; My God, in whom I trust."

Haitian Creole: ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Verse 3

English: For he will deliver you from the snare of the fowler, From the deadly pestilence.

Haitian Creole: Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

Verse 4

English: He will cover you with his pinions, Under his wings you will take refuge. His truth is a shield and a buckler.

Haitian Creole: L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Verse 5

English: You will not be afraid of the terror by night, Nor of the arrow that flies by day;

Haitian Creole: Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

Verse 6

English: Nor of the pestilence that walks in darkness, Nor for the destruction that wastes at noonday.

Haitian Creole: Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.

Verse 7

English: A thousand shall fall at your side, And ten thousand at your right hand; But it will not come near you.

Haitian Creole: Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

Verse 8

English: You will only look with your eyes, And see the reward of the wicked.

Haitian Creole: W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.

Verse 9

English: For you, The LORD, are my refuge! You have made the Most High your habitation.

Haitian Creole: Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,

Verse 10

English: No evil will happen to you, Neither shall any plague come near your tent.

Haitian Creole: okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.

Verse 11

English: For he will give his angels charge over you, To guard you in all your ways.

Haitian Creole: Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Verse 12

English: They will bear you up in their hands, So that you won`t dash your foot against a stone.

Haitian Creole: Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

Verse 13

English: You will tread on the lion and cobra. You will trample the young lion and the serpent underfoot.

Haitian Creole: W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Verse 14

English: Because he has set his love on me, therefore I will deliver him. I will set him on high, because he has known my name.

Haitian Creole: Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.

Verse 15

English: He will call on me, and I will answer him. I will be with him in trouble. I will deliver him, and honor him.

Haitian Creole: Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.

Verse 16

English: I will satisfy him with long life, And show him my salvation.

Haitian Creole: M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Main themes of Psalm 91

God as refuge and protection

He who dwells in the secret place of the Most High Will rest in the shadow of the Almighty. I will say of The LORD, "He is my refuge and my fortress; My God, in whom I trust."

Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a. ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Protection from visible and hidden dangers

For he will deliver you from the snare of the fowler, From the deadly pestilence. He will cover you with his pinions, Under his wings you will take refuge. His truth is a shield and a buckler.

Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Courage in the midst of fear

You will not be afraid of the terror by night, Nor of the arrow that flies by day; Nor of the pestilence that walks in darkness, Nor for the destruction that wastes at noonday.

Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.

God’s presence in trouble

He will call on me, and I will answer him. I will be with him in trouble. I will deliver him, and honor him.

Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.

Long life and salvation

I will satisfy him with long life, And show him my salvation.

M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Psalm 91 vocabulary in English and Haitian Creole

EnglishHaitian Creole
refugepwoteksyon
fortressdefans
GodBondye
trustkonfyans
wingszèl
shieldpwoteksyon
nightlannwit
daylajounen
angelzanj
troubletray
deliverdelivre
long lifeviv lontan

Reading Psalm 91 in three languages

Note: Click on any verse, you will be able to read that verse in 3 languages: English, Haitian Creole and French.

Choose another language in the menu to the left if you want to read Psalms Chapter 91 in that language.

noimgs

tags: #psalm #91 #haitian #creole